Wednesday, November 7, 2007

Gran Chemin De Pwal Mande La Wout

Gwan Chemin de! Pwal mande la wout-o, m'al an peyi mwen
Gwan Chemin de! Pwal mande la wout-o, m'al an peyi mwen
Paket-a mwen mare, chwal-a mwen se le!
Paket-a mwen mare, chwal mwen se le-ah
M'ap mande la wout-o m'al an peyi mwen
M'ap mande la wout-o m'al an peyi se vwe

Ouvwi Baye Pou Atibon

Ouvwi baye pou Atibon! Papa Legba ki pwale pase-a vezo
Ouvwi baye pou Atibon! Papa Legba ki pwale pase-a vezo
Vezo ge gran moun-a vezo
Vezo velekete-a vezo
Papa Legba ki pwale pase-a vezo konyan.

Legba Nan Baye

Legba nan hounfo, Lebga nan baye
Legba nan baye, se ou ki pote drapo
Se ou ki pare soley pou lwa-yo!

Nou Entwe Nan Lakou

Nou entwe nan lakou-a
N'ape mande si pa gen gran moun-o nan lakou-a
Nou entwe nan lakou-a
N'ape mande si pa gen gran moun-o nan lakou-a
Bonswa manman, bonswa peti-o
Bonswa papa, adjeu petit-o
Nou entwe nan lakou-a
N'ape mande si pa gen gran moun-o nan lakou-a

Papa Lebga Ouvwi Baye

Papa Legba ouvwi baye pou mwe ago-eh!
Papa Legba ouvwi baye pou mwe ago-eh!
Papa Legba, ouvwi baye pou mwe, ouvwi baye pou mwe Papa pou mwe pase
Le m'ap pase mwe remesye lwa-yo!